MIAMI RIVER COMMISSION 
c/o Rosenstiel School
4600 Rickenbacker Cswy
Miami, Fl. 33149
305-361-4850
Fax: 305-361-4755
e-mail: miamiriver@bellsouth.net

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

This site
prepared and designed by
Mark Sell Communications, Inc. Public Relations

  DREDGING
 
Maintenance Dredging Description
   In Spanish       In English

MORE:
 
Historical Overview
  Dredging Benefits

DRAGAJ  DANTRETYEN NAN RIVYÈ MIAMI AN   ESPLIKASYON DRAGAJ LA ENTWODIKSYON

  Enjenyè Ame EU yo (USACE) ap derape pwosesis plan ak espesifikasyon nesesè pou pwojè Dragaj Dantretyen Rivyè Miami an. Olye de apèl dòf (bid), USACE pral mande demann pou pwopozisyon. Sa vle di ke non sèlman kontratè yo gen pou yo prezante pri travay la men tou se pou yo pwopoze ki metòd dragaj yo pral itilize ak kouman yo pral transpòte/ranmase ak jete matyè/materyo (labou,fatra) yo drage sòti yo. USACE va chwazi kontraktè pou dragaj la dapre “ sak pi bon pou gouvènman an” ki pa vle di sa ki pi bon mache an.  Sak  pi bon an se sa ke yap pran an konsiderasyon non sèlman pri an men tou metòd pou fè dragaj la ak jan yap jete liyan,  efè sou anviwonnman an, efè sou kominote an, etc..  Kidonk, se nan pwosesis seleksyon an ke yo va detèmine kalite drag la. Yo va atann yo aske travay la fèt ak yon sistèm dragaj mekanik.

RANMASAJ/JETE

Dapre rezilta tout  tès ajans anviwonnman federal yo, Leta yo ak lokal yo fè, materyo ke yo pral drage an kontamine men li pa danjre. Se dapre estanda ajans anviwonnman yo pou yo fè ni ranmasaj oubyen ni resèvi ak materyo ke yo drage yo.

DRAGAJ

Jan yo montre li nan Chema 1, yon drag va retire materyo andedan tout lajè kannal la. Se men lajè kannal la ki va sèvi kòm limit kote pou dragaj la fèt. Toutotan ke drag la ap retire materyo nan kannal la, materyo ki sou rebò kannal la va tonbe nan twou ke drag la fè pandan  lap retire materyo yo. Drag la va kontinwe retire materyo nan lajè kannal la jiskaske materyo sispann tonbe nan kannal.Se sa ki kreye pant kannal la. Pwofondè pant sa a va depann sou kalite materyo ki genyen nan kannal la. Si depo nan fon kannal la degrennen tankou sab plis pant la va plat epi tou yap kapab retire materyo pi lwen andeyò lajè kannal la. Nan Miami River an, fòmasyon pant la gendwa depann tou sou materyo di ak ròch ki kouche nan plizyè kote nan fon kannal la.

 

Chema 1

DRAGAJ ANTRETYEN MIAMI RIVER

Pwojè Dragaj Kannal Federal

Miami River se yon kannal otorize pa gouvènman federal la ki konstwi nan ane 1930 yo. Lajè kannal  la varye an dimansyon de 150 pye de anbouchi rivyè a, a 125 pyè pi wo pon NW 17yèm Avni an, a 90 pyè pi wo pon NW 27yèm Avni an. Pwofondè Kannal otorize pa federal la se –15 pye mwayenan nivo dlo ki pou pi ba (MLW). Depi konstriksyon rivyè an, yo pa janm fè antretyen li. Dragaj la va re-etabli pwofondè orijinal kannal la lè yo te konstwi liyan epi tou rann travay pòtwè yo pi efikas ak plis sekirite. Pwojè dragaj Miami River an pral retire debri ki akimile nan fon an; sa vle di entèdiksyon ni dinamite  ni retire ròch.

Kòb la deja la pou dragaj kannal federal la kòmanse vè ete oubyen otòn 2002. USACE responsab pou apeprè 80 % pri pwojè an epi Konte Miami-Dade, Patronaj Pwojè Lokal la, responsab rès 20 % ki va manke an. Yo fòme yon asosiyasyon lokal ki genyen kòm manm Konte Miami-Dade, Vil Miami, Leta Florid, ak Florida Inland Navigation District,  pou ede peye frè dragaj la.

OPSYON RIVAJ A RIVAJ

Konte an tap anvizaje pou agrandi pwojè dragaj federal pou kouvri non sèlman kannal federal la men tou de rivaj a rivaj. Sa va pèmèt yo retire tout materyo ki kontamine e ki andeyò kannal federal la de sistèm Miami River an. Nou va wè nan Chema 2 tout zòn anplis pou dragaj la nan opsyon rivaj a rivaj la.

Chema 2

Depans pou dragaj anplis  sa a se responsabilite  kòb asosiyasyon lokal la epi tou se pou yo jwenn pèmisyon pou li andeyò de pwojè federal la. Gouvènman federal la pap patisipe nan depans yo men li va ajoute li nan negosiyasyon kontra pou konplete travay la. Konte an ap chèche pèmi yo ak plis fon monetè pou opsyon rivaj-a-rivaj sa a.

DISTANS ETABLI PA USACE

Distans etabli pa USACE se yon minimòm de 25 pye ant nenpòt estrikti ak dragaj la, eksepte si patronaj lokal la mande USACE  fè li pi piti. Lè yo kenbe distans 25 pye sa a, sa va redwi sèten zòn lajè kannal la, epi tou redwi kantite materyo kontamine pou yo retire nan kannal la.  Etan ke patron lokal la, Konte Miami-Dade mande pou kontraktè ki aprouve pa USACE drage nan yon limit de 10 pye estrikti bò rivyè Miami an.

DRAGAJ NAN VWAZINAJ ESTRIKTI BÒ DLO YO

Si estrikti/waf bò dlo an an movèz eta e dechalbore, deplasman sediman yo kap fèt pandan dragaj la gendwa destabilize estrikti sila a. Yo mete estrikti bò dlo yo anba twa kategori jeneral, dapre kote yo lokalize, jan nou wè li nan Chema 3 epi ke nou va revize pi ba a.

  • Estrikti Bò Dlo 1 : Si estrikiti bò dlo an plis ke 10 pye de limit kannal federal navigasyon an ebyen pwojè dragaj federal la va  nan awebò kannal la. Opsyon rivaj-a-rivaj la va  mete dragaj la a 10 pye de estrikti an.
  • Estrikti Bò Dlo 2: Si estrikti bò dlo an mwens ke 10 pye de limit kannal federal navigasyon an ebyen pwojè dragaj federal la ak tout opsyon rivaj-a-rivaj la va rive jiska 10 pye de estrikti an.
  • Estrikti Bò Dlo 3: Si estrikti bò dlo an rantre sou kannal federal la, lwa federal yo mande pou yo retire tout sa ki jennen navigasyon nan kannal la. Si yo ta chanje oubyen ranje estrikti an, lè sa a se limit dragaj ki nan seksyon estrikti 1 oubyen 2 ke ya sèvi avèk pou  detèmine limit estrikti an.

Chema 3

Si nou genyen ankenn kesyon oubyen nou bezwen plis enfòmasyon, rele Nadine Patrice, Operation Greenleaves nan 305/644-9000.

HOME        CALENDARS       ABOUT THE RIVER          ABOUT THE COMMISSION         DREDGING      GREENWAYS   
URBAN INFILL PLANS           STORMWATER RETROFITTING            MINUTES OF MEETINGS      LINKS